Episodi

  • Kijan Gratitid ka chance laviw.
    Feb 5 2026

    Nan epizòd sa a, nou pale sou kijan pou pratike gratitid chak jou, menm lè lavi a difisil. Ou pral dekouvri ti pratik senp pou remèsye Bondye, ekri 3 bagay pa jou, epi di moun ki bò kote w ‘mèsi’ ak kè w.

    Mostra di più Mostra meno
    5 min
  • 4 Byenfè gratitid.
    Feb 2 2026

    4 Byenfè Gratitid | Grandi nan Lafwa 🎙️

    Nan epizòd sa a, nou dekouvri 4 byenfè pwisan gratitid ka pote nan lavi yon kretyen.
    Gratitid pa sèlman yon reyaksyon—se yon atitid espirityèl ki chanje fason nou wè lavi, jan nou priye, epi jan nou mache ak Bondye.

    📌 Nan epizòd la, w ap aprann:

    • Kijan gratitid ranfòse lafwa w

    • Poukisa li ouvri pòt benediksyon

    • Kijan li pote lapè nan kè w

    • Kijan li ede w rete fèm menm nan moman difisil

    🎧 Koute, reflechi, epi pratike gratitid chak jou.
    Paske yon kè rekonesan toujou pi pre Bondye.

    👉 Abòne | Pataje | Kite yon kòmantè
    Grandi nan Lafwa – Lafwa ki viv, lafwa ki grandi. 🙏

    Mostra di più Mostra meno
    3 min
  • 5 Fason Pou nou repon n'
    Jan 21 2026

    Se pa pwoblèm nan ki detwi lavi nou…

    📌 se repons nou.


    Nan epizòd sa a, nou dekouvri sa Bib la di sou kijan yon kretyen dwe reponn lè li pwovoke, kritike, oswa atake.

    📖 Pwovèb 15:1 montre nou yon verite senp men pwisan:

    👉 yon move repons ka kraze tout temwayaj ou.


    🎧 Tande kijan:


    • repons ou ka kalme oswa agrave yon sitiyasyon

    • bouch ou ka swa onore Bondye oswa fè non Li pase nan wont

    • sajès biblik la ede w genyen batay san bri



    🔔 Epizòd sa a se pou ou si ou vle:


    • grandi espirityèlman

    • metrize emosyon ou

    • viv lafwa ou nan lavi reyèl


    Mostra di più Mostra meno
    8 min
  • Lafwa oswa Foli?
    Jan 13 2026

    Se pa tout risk ki lafwa. Gen risk ki se foli.


    Nan epizòd sa a, nou antre fon nan teoloji pridans pou ede w fè diferans ant

    ➡️ lafwa ki soti nan Bondye

    ak

    ➡️ desizyon prese, emosyonèl, oswa danjere moun souvan rele “lafwa”.


    Atravè 5 prensip biblik solid, ak vèsè klè nan Bib la, w ap dekouvri:


    • poukisa lafwa pa kouri san direksyon,

    • poukisa Bondye bay sajès anvan risk,

    • kijan pou evite teste Bondye san ou pa rann ou kont,

    • epi kijan lapè enteryè vin yon endikatè espirityèl enpòtan.



    🎯 Epizòd sa a se pou ou si:


    • w ap pran yon gwo desizyon,

    • w ap mande si Bondye ladan l vre,

    • oswa w vle mache ak lafwa san w pa neglije sajès.




    🎧 Koute, reflechi, epi pataje ak yon moun ki bezwen klète jodi a.

    Lafwa pa fè w sote san reflechi.Lafwa fè w mache ak Bondye.

    Mostra di più Mostra meno
    5 min
  • 4 Etap pou yon lot dimension
    Jan 9 2026

    Men 4 etap pou yon lot dimension


    Mostra di più Mostra meno
    2 min
  • Konsèy Chimen Antouraj= Bonè
    Jan 4 2026

    “Grandi nan la Fwa” se yon podkas ki ede w bati lavi w sou sajès Sòm 1.

    Nou pale sou konsey ki dwat, chemen ki bon, ak antouraj ki leve w, paske lè tout sa ann amoni — bonè vin natirèl.

    Chak epizòd pote pawòl k ap gide w, ankouraje w, epi rapwoche w de Bondye pou chak jou.

    Mostra di più Mostra meno
    17 min
  • Yon lot Ane Yon lot ou Menm?
    Dec 30 2025

    Yon lòt ane, yon lòt ou menm? — 2026 ap ekri…


    Epizòd sa a ede w reflechi sou chanjman, disiplin ak lafwa pou antre nan ane a ak direksyon.

    Nan Grandi nan Lafwa Podkas, n ap chèche grandi anndan an epi mache pi pre Bondye.

    Mostra di più Mostra meno
    16 min
  • Eske Kretyen Ka Fete Nwèl?
    Dec 24 2025

    Èske yon Kretyen ka fète Nwèl?

    Nan epizòd sa a nan Grandi nan Lafwa Podkas, nou poze yon kesyon anpil moun ap mande. Nou gade sa Bib la di, diferans ant tradisyon ak lafwa, epi kijan yon kretyen ka pran pozisyon li avèk sajès ak konviksyon. Epizòd sa a ap ede w reflechi, konprann, epi grandi nan lafwa w.

    Mostra di più Mostra meno
    22 min